PREZIDAN ARISTID VOYE YON KADO POU PEP AYISYEN
Par Balibois, vendredi 29 décembre 2006 à 19:50 :: Général :: #1626 :: rss
Nouvel peyi Dayiti se toujou move nouvel,vie nouvel dlo nan je,nouvel anme,nouvel lanmo ak lamise.Lane 2006 se te you lane pitit a la manmel.Moun mouri kou marengwen anba bal ak koute kouto.Le se pa chime ak zenglendo,se PNH ak MINISTA kap simin lanmo trbo babo.Jouk ki kote sa ap rive ? Ki sa lane 2007 va pote pou peyi sa-a ?Men sa Prezidan Aristid voye pou nou.
*************************************************************************************************************************************************************************
Denye kado prezidan chime an Jan Betran Aristid voye pou pep ayisyen se yon let kriminel kote ke misye di peyi a ke nan zafe kidnaping nan,baton ki te bat chen nwa a se li minm kap bat chen blan.kom kwa,pyiske yo te kidnape li an fevrye 2004 e voye li an Afrik tankou yon panye rad sal,se bon pou nou si jounen jodi-a vakabon parey li yo ap kidnape ti moun piti e touye yo nan toute peyi-a. Pandan ke Aristid ap boloze nan peyi Afrik di Sid,li montre nou jodi jan ke li rayi nou,jan ke li di,jan se enemi piblik nimewo 1 pep ayisyen.Nou pa gen prev ke mysye toujou kontinye ap dirije zenglendo ak chime depi kote lap jwi la vi'l an Afrik lan,men se tou kom.Li dako ak zak kriminel yo,li sipote yo an espri e li di nou byen kle ke se bon pou nou.Ekspresyon misye amploye-a di"Tout moun jwenn". Kidonk,se pou zafe kidnaping lan kontinye san pran souf nan peyi jiska s'ke nou aboute,pou nou vin'n nan pye li pou nou prye li an gras pou li tounen vin'n kontinye masakre jounalis,intelektiel,paqste ak pe katolik ki pemet yo pa dako ak rejim sangyne,san manman,pwefepa mored la ki li bezwen tounen vin'n kwaze pye li-an sou lestomak pep ayisyen. Pandan se tan,prezidan Preval pa minm gen kouraj pou li denonse pawol teworis sa-yo ki soti nan boucg asasen entenatyonal la ki ta dwe deja chita na prizon pou detouneman de fon piblik ak trafik kokayine. Lane 2006 la se te youn nan lane kote plis san koule nan peyi Dayiti e se pou sa Jan Betran Aristid bat bravo pou pepinye chime ke li te bay zam yo pou li te kite yon ciga limin nan de boute bay pep ayisyen le jou li pa ta la.Aritid pa nan peyi Dayiti anko men lespri kriminel li an toujou kontinye ap plane sou peyi an takou yon vye van lanmo ak yon lavalas dlo nan je ki menase existans peyi Dayiti nan fondamantal li.Kou an fe nou mal,li blese nou nan nannan nanm nou,li fe nou krye min li fe nou fache tou e nou pap blye kado pwazon sa-a ke ke Jan Betran Aritid voye ba nou kom kado jou d'lan pou lane 2007. Mesi ,Titid,Bondye a remet ou sa.
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment.
Ajouter un commentaire