DE KI PREVYEN DE KI MANIGANS ?
Par Balibois, mardi 17 juillet 2007 à 17:01 :: Général :: #2053 :: rss
Mwen sonje ou pawol ou zanmim rinmin di ampil e se li mwen vin'n kase moso ak nou jodi-a.Koze a di :" Leu chwal ap tire pye,minm blengbendeng ni pran kout zago " !!!
Nan peyi Dayiti,malgre zot di sa miyo map mande'm miyo pou ki les e miyo nan ki jan ? Zenglendo chime ak kidnape pran yon kanpo nan zaktivite fan'n fwa men nan pwen garanti ke yo pap rekomanse demen ou lot semenn. Powet Pye Richa Nasis te ekri nan rekey powem li "Dey ak Lespwa" ti pawol sila : "La vi nan peyim se menm ak lanmo,se ti fre ak ti se, Kokot ak Figaro".Se te nan lane 1979. Jodi-a sa pi grav,nou pa we jodi nou pa we demen pou yon pep kap triminen nan yon chemen fe nwa ki pa gen fen.Grangou nan vant,desepwa ak kwakchoko ap detwi la vi ti moun kou gran moun nan yon peyi kote la vi pou la majorite gin yon gou fyel ak dyol pa gou. Politisyen malpouwont pandan setan ap friz nan kat pa kat sou do yon pep kap peri yonn pa yonn ti kal pa ti kal nan yon lavironndede maladi ak lanmo. Prezidan,Premye Minis,kabine ak paleman pap regle anyen.Minista Tourista ap boloze sou plaj,ap bwe gwog yo nan kafe matisan pandan ke la vi ap tenyen tankou yon lamp gridap san luil.Nou menm lot bo dlo,noumenm tou nap ranse.Menm le nou deyo nou pa ka met tet ansanm pou nou remet anyen. Chwal la mwen tap pale piwo an e byen se nou pep aysyen andedan kou deyo kap kraze zo ayisyen parey nou ak zam fan'n fwa,ak kout poud ak kout lang pandan ke zot chita sou yon ti chez ba,de bra kwaze,ciga'l nan bouch li ap tan'n nou fin'n kraze peyi-an ak pwop men pa nou pou li antre ato vin'n dekoupe tankou nan jaden papa'l. Na we anko,lafanmi,kenbe la kenbe fem kenbe red paske batay la po ko janm fini.
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment.
Ajouter un commentaire