Mezanmi,tande ak we se de.Nan peyi dayiti,ti neg ap fe lavironndede ak yon peyi,moun pa ka travay moun pa ka maje moun pa ka domi moun pa gen dlo moun pa gen limye moun pa gen jodi moun pa gen demin. Si la pawol te konn devlope peyi,Ayiti tap tankou Paris.Ti neg toujou chita ak ou kwi nan min ap tann baye de fon,ti neg blije tann sa Etazini,La Frans ak Canada di anvan yo vote bidge la repiblik.Ti neg goumen pou lendependans pou soti nan lesclavaj,min se ato ti neg esclav.Le ou pa ka pran desisyon pou tet ou,se esclav ou ye. Otretan,ti neg tap mache ak chinn nan pye,jodi-a ti neg ap mache ak chinn nan tet,lespri ti neg anchinnin epi ti neg ap fe tintin.Kom Franketyen te di,ti neg pran nan pelen tet ! Sa nou di nan sa ?