Mwen seten anpil moun sonje ti mo sa-a ki rele "zo bouke chen ".Nan kreyol ayisien,sa vle di san wont,san lone,san diyite,ti figi,sousou.Mwen sonje lem te piti,mwen te konn vekse anpil le granmoun ap fe moral mwen e pi yo rele-m mo sila. Jou jodi-a,se mo sa-a ki aplike ak ti neg dayiti ki pran peyi-a kom jaden papa yo,yap dekoupe loziel sou do ou ti pep kap peri ti kal pa ti kal.Merken,blan franse ak kanadyen rele tet yo zanmi peyi dayiti,zot di yap bay peyi-a ou milia dola pou fe devlopman,pou mete dlo ak limye pou lamize fini.Epi ? nad marinad !Zot pa bann senk paske zot pa dwe nou anyen. Mezanmi,ka nou grav tankou aksan grav.Vakabon kidnape fe ti neg dayiti tounen poul,nou pran kabann si ze di swa,pa gen zafe al le lanbi,kabann chouhoun,au kalbas,ou na la chikita matisan.Se chime ak asasen ki gen dwa mache lan nwit na peyi sa-a. Presidan Preval se yon bon gason,men moman sa-a pa mande yon bon gason.Moman an mande yon neg ki gen grenn nan boudal pou li bay la polis kat blanch pou tire vole,kidnape,chime kap fe tout ou pep monte yon kalve pa bak.Preval se yon presidan tete lang kap voye jilbret pandan ke tout ou pep an danje.Mwen Balibois mwen te konprann Preval tap mete kanson fe li sou li pou li deklare viv salnav deye vakabon,men podyab podyab...Li pa gen grenn nan boudal e se pa fot li : li pe dwa de lom,baye de fon ak meriken. Gade yon betiz,mesye,peyi dayiti,peyi dayiti pa nou an,ayiti toma wi,telman tonbe nan tenten li tounen ou tentennad ! Twa ka politisyen nou yo se yon ban ti visye ki deye de pias pou met nan bouda poch yo ! Nap viv ou moman kritik kote ke peyi-a tankou yon bato san kaptenn,peyi- a a la driv,pa gen pwogre pa gen miyo.Swa diza zanmi peyi-an ap pase nou an ba pla pie,yap fe nou lasisinn ak yon lajan yo pap janm baye.Nap tann,nap tann,nou toujou ap tann men gen le nap tann jiska nou tounen pwatann.Mwen bouke ak fo pwomes,mwen bouke tande politisyen mawon kap pale tenten,mwen bouke ak boujwasi partipoch kap vann peyi Desalinn nan pou de gouden,mwen bouke ak kandida aganman kap pran posisyon pou fe meriken blan franse ak kanadyen plezi.Mwen fout bouke tann ou peyi ki pa ka ranje pou mwen fout al lakaymwen !!! Tout neg yo se yon bann zobouke chen men tonne fout boulem nou pa yon pep zo bouke chen !!!