Non pam se Balibois,mwen soti nan peyi d'Ayiti e map viv nan pei lot bo dlo depi pase ven rekolt kafe.Mwen panse tounen lakay mwen ou jou,men le-a poko rive.Jan zot te di,kijoukajou ? Map feraye ak la vi kinaganach,mwen leve chak jou mwen triminin e mwen di letenel mesi mwen la toujou map boule pi red,red tankou ke makak tankou lot la te di ! Pale avem,palem de sak nan ke ou,zanmim. Map fe koum konnen poum ekri sou blog sa-a chak semaine si bon Die vle.An atandan kimbe fem,jou va jou vien kaka ge pa linet.