Mwen pran nouvel semene sa-a yo te touye ou jenn ti dam ven tan ki te rele Farah Desous.Yo te kase ponyet li ak pete de grenn je'l anvan yo te achevel.Apre sa yo touye yon lot timoun si zan ke yo te kidnape e yo lage kadav li o kap. Mezanmi kote sa ap rive ? Ki kalite moun ki ka pran la vi ti inosan konsa,ki kalite zannimo sa ye ki ka vese san ti tchovi konsa ? Peyi an chanje,pep la chanje,toute bagay chanje.Peyi Dayiti gen lontan lap file sou yon move pante.Ou pante lanmo.Ou pante ke lou ak dlo nan jan ki pa janm gen finisman.Ti neg Dayiti ap peri pandan ke swadizan loni ap fe patwouye nan lari gwo midi.A la de tenten mesye ! Li le pou nou rele chalbarik deye moun tourista,padon moun minista sa yo ki pap leve ni lou ni leje nan peyi a.Yo pa itil ou med. Li le tou pou Preval mete yon kanson fe sou li pou'l deklare zero tolerans ou fwa pou toute.Grenadye a laso,sa ki mouri zafe a yo.